top of page
Tipatipa_pandiassou.png

Èske w ta renmen ajoute liv timoun ou a isit la? Tanpri ranpli fòm ki anba a. Nou aksepte liv pou lektè ki gen laj ant 0 ak 21 an, tankou liv pou tibebe, liv ak imaj, liv chapit, ak liv pou jèn adilt.

Liv yo dwe gen yon pèsonaj prensipal ayisyen epi/oswa pale sou divèsite lavi ayisyèn. Nenpòt liv ki pa respekte kritè sa yo ap retire.

Yon sèl antre pou chak liv. Foto yo OBLIGATWA pou soumèt.

Tanpri telechaje imaj SELMAN ki an bon kalite.


Nou mande imaj kouvèti devan liv la ansanm ak omwen yon paj andedan liv la ki montre tèks la klèman epi ki reprezante liv la.


Si w soumèt  yon bagay ki pa gen bon kalite imaj, ki pa klè, oswa ki gen rezolisyon ba ap, n ap retire yo.

Maksimòm 3 imaj.

Front Cover
Example of Pages
Example of Pages

Kreyòl and Beyond se yon kolektif liv ayisyen miltileng ki rasanble otè, edikatè, ak defansè kilti ki kwè nan pouvwa rakonte istwa—sitou atravè lang kreyòl—pou prezève kilti ak ankouraje aprantisaj.

Travay nou kouvri tout fason liv ka anseye ak enspire timoun: depi liv konsèp pou timoun piti, istwa ilistre, liv enfòmasyon, rive nan fòm klasik literati pou timoun.

Ansanm, n ap konstwi yon mouvman pou asire istwa ayisyen yo pa sèlman rakonte, men tou yo apresye, yo etidye, epi yo pase de jenerasyon an jenerasyon.

Subscribe to our newsletter • Don’t miss out!

TÈM AK KONDISYON

POLITIK KONFIDANSYALITE

DEKLARASYON AKSÈSIBILITE

© 2025 pa Kreyòl & Beyond
Wix bay pouvwa epi li pwoteje li.

bottom of page