top of page

MISYON NOU

Our Mission

Kreyòl and Beyond se yon kolektif literè san bi likratif ki angaje l pou valorize kilti ak lang ayisyen atravè pwomosyon literati ayisyen.

 

Konsòsyòm otè ak edikatè nou an angaje l pou prezève richès tradisyon rakonte istwa ayisyen an, pandan l ap fè liv disponib nan plizyè lang, anrasinen nan tradisyon, epi pataje ak lemonn antye.

Nou konsantre sou liv pou timoun.

Yon tab ak liv Ayisyen, kote K&B ap reprezante tèt li nan Miami Book Fair la.

OBJEKTIF

Objectives
  • Ankouraje bon kalite liv miltileng ki valorize lang kreyòl.

  • Kreye yon mak ki rekonèt e fyab pou lektè, edikatè, ak enstitisyon.

  • Ankouwaje entegrasyon liv kiltirèl ayisyen nan lekòl, bibliyotèk ak pwogram kominotè.

  • Kolabore ak òganizasyon pou teste liv yo sou teren.

  • Devlope materyèl edikatif bon kalite ki respekte kilti a.

  • Mete aksan sou enpòtans pataje eritaj ak kilti ayisyen tout kote sou latè.

Three boys, one boy is reading a book.

SA NOU VALORIZE

Our Values
Two boys laughing in Haitian uniforms with green and white checkers
  • Entegrite Kiltirèl : Onore eritaj Ayiti atravè rakonte istwa ki otantik e fidèl ak kilti a.

  • Kolaborasyon : Bati ansanm nan lespri konbit, pou ranfòse enpak kolektif nou.

  • Aksè : Asire istwa ayisyen rive jwenn timoun toupatou, nan lang yo pale.

  • Ekselans : Kenbe estanda wo nan literati, atizay, ak itilizasyon lang.

  • Pale Byen: Ankouraje enpòtans pou tout timoun ayisyen aprann pale kreyòl depi piti, kèlkeswa kote yo fèt.

Photograph Credit: Fokal

Fondatè yo

Founders
  • Caroline Hudicourt (agoch) – Pòtoprens, Ayiti

    • Yon edikatè ayisyèn ki gen anpil respè, ak plizyè dizèn ane eksperyans nan direksyon lekòl, alfabetizasyon, ak devlopman pwogram pedagojik.

  • Dr. Sara C. Mansbach (adwat) – Greenville, South Carolina, Etazini

    • Yon espesyalis nan alfabetizasyon ak defansè edikasyon enklizif, ki ap travay ak edikatè ak timoun ayisyen depi 2009. Travay li konsantre sou liv an kreyòl ak kreyasyon anviwònman aprantisaj ki aksesib pou tout timoun.

Caroline ak Sara, fondatris K&B, k ap brase lide pou pandan yo chita sou kanape a.

Kontak Konseye Rejyonal

Rezo nou an gen ladan l otè, edikatè, ak defansè kilti atravè Ayiti, Etazini, Kanada, ak Lafrans.
Pou kolaborasyon rejyonal ak aktivite sou teren, tanpri kontakte konseye lokal nou yo :

Kreyòl and Beyond se yon kolektif liv ayisyen miltileng ki rasanble otè, edikatè, ak defansè kilti ki kwè nan pouvwa rakonte istwa—sitou atravè lang kreyòl—pou prezève kilti ak ankouraje aprantisaj.

Travay nou kouvri tout fason liv ka anseye ak enspire timoun: depi liv konsèp pou timoun piti, istwa ilistre, liv enfòmasyon, rive nan fòm klasik literati pou timoun.

Ansanm, n ap konstwi yon mouvman pou asire istwa ayisyen yo pa sèlman rakonte, men tou yo apresye, yo etidye, epi yo pase de jenerasyon an jenerasyon.

Subscribe to our newsletter • Don’t miss out!

TÈM AK KONDISYON

POLITIK KONFIDANSYALITE

DEKLARASYON AKSÈSIBILITE

© 2025 pa Kreyòl & Beyond
Wix bay pouvwa epi li pwoteje li.

bottom of page