
Ankouwaje kapasite pou pale plizyè lang
Pou kisa Kreyòl enpòtan
Lang se youn nan mwayen ki pi solid pou renfose idantite, memwa, ak apatenans sosyal. Pou fanmi ayisyen nan dyaspora a, anseye timoun Kreyòl nan kay la, se pa sèlman pale yon lòt lang — se yon fason konkrè pou kenbe memwa kiltirèl, ranfòse lyen familyal epi pwoteje konesans ant jenerasyon yo. Lè timoun yo ka konprann oswa pale Kreyòl, yo vin konkete pi fasil ak granmoun yo, konprann istwa ak espirityalite ayisyen an, epi santi yo anrasinen nan idantite yo kèlkeswa kote y ap viv nan monn lan.
Avantaj nan pale plizyè lang
Pale plizyè lang bay timoun avantaj pou lavi yo ki ale pi lwen pase kominikasyon.
Avantaj entelektyèl ak akademik
-
develope pi bon memwa ak ladrès pou rezoud pwoblèm
-
ogmante kreyativite ak fleksibilite mantal
-
devlope entèlijans entelektyèl ak emosyonèl
-
konprann pèspektiv (kilti, sosyete, langaj, elatriye)
-
konstwi fondasyon pi solid nan lekti ak ekriti
-
amelyore pèfòmans nan matematik, syans, ak egzamen
-
fasilite akizisyon rapid nan lòt lang pita nan lavi
Benefis Sosyal ak Kiltirèl
-
pi bon koneksyon ak fanmi ak kominote a
-
pi gwo fyète nan idantite kiltirèl yo
-
plis konfyans nan eksprime tèt yo atravè kilti yo
-
pi bon konpreyansyon sou istwa, pwovèb, mizik, ak tradisyon Ayisyen yo
-
Bilingwis pwoteje timoun yo tou kont efasman kiltirèl. Lè kreyòl pale, anseye, epi selebre lakay yo, timoun yo konprann ke eritaj yo se yon bagay pou onore, pa kache.


Bilengwis kòm prezèvasyon kiltirèl
Pou timoun dyaspora yo, Kreyòl la ka pafwa vin mwen enpòtan pase lang lekòl la, kilti popilè a, oswa presyon kanmarad yo.
Alfabetizasyon Kreyòl an prezève:
-
fyète kiltirèl
-
koneksyon emosyonèl ak Ayiti
-
kapasite pou konprann valè, tradisyon, istwa ak pratik kominotè Ayisyen yo
-
sans idante yo
Menm bilengwis pasif, ki vle di konprann plis pase pale, enpòtan. Timoun ki grandi ap tande Kreyòl kenbe kapasite pou rekonekte ak lang la pita nan lavi pi fasil pase timoun ki pa t janm tande lang lan.
Pwoteje timoun kont fawouch ak lawont sou jan yo pale
Anpil timoun ayisyen nan dyaspora a konn sibi fawouch oswa presyon pou yo diminye itilizasyon kreyòl — pafwa nan lekòl, pafwa an piblik, e pafwa menm nan pwòp fanmi yo. Mank reprezantasyon, move enfòmasyon, ak blag sou “pale kreyòl mal” ka fè timoun sispann pale Kreyòl.
POU KI SA MOUNN KONN PEPRIZE MOUN POU LANG YO PALE A ?
Gen plizyè rezon, pami yo :
-
mank reprezantasyon lang Kreyòl nan pwogram lekòl
-
move enfòmasyon sou valè ak enpòtans lang Kreyòl
-
lide kolonyal oswa klas sosyal moun enteryorize sou « ki lang ki pi enpòtan »
-
presyon sosyal pou « pale tankou ameriken », « pale franse byen», oswa pou yo adapte yo epi pa « pale twòp tankou yon ayisyen »
-
blag nan fanmi sou aksan, vokabilè, oswa sou « pale kreyòl mal »
-
menm lè sa fèt san move entansyon, yo merite pou yo korije
Tout atitid sa yo ka fè timoun santi yo wont, enkyè, oswa fè yo pe epi enpeche yo aprann.
Lè timoun ap eseye evite rizib, yo pito pa pale pou yo ka santi yo aksepte nan gwoup la.
DEVLOPE FYÈTE AK SEKIRITE EMOSYONÈL
Fè kreyòl vin nòmal lakay ou
-
tire kont oswa li yon istwa pou yo anvan dòmi, chante ti chante, jwe mizik, ak pale ak timoun antre fanmi a
-
rete ouve pou timoun yo fè ti diskisyon avè w sou plizye sijè, sitou sou opinyon yo
-
repete aksyon souvan pou li ede timoun yo vin alèz, devlope konfyans yo pou yo vin alez nan lang ak kilti yo.
Prezante kreyòl kòm yon fòs
-
lang nasyonal Ayiti, ki gen rasin nan liberasyon, kreyativite, ak kominote
-
bileng se yon avantaj, se pa yon limit
Bay timoun yo fraz senp pou yo ka defann tèt yo
« Gen anviron kenz milyon moun ki pale Kreyòl. Li fè pati listwa nou, e mwen fyè de sa. »
Fraz konsa ede timoun yo santi yo pare, pwoteje, epi an sekirite emosyonèlman.
Fè atansyon ak jan ou itilize bilengwis ou
-
ki lang ou pale lè w fache ?
-
ki lang ou itilize lè w ap di “mwen renmen ou” ?
Tout ti detay sa yo gen enpòtans — yo enfliyanse fason pitit ou ap wè lang, idantite, ak valè pa yo.
METE LIMIT, BAY SOUTYEN AK RESPÈ
Egzije respè andedan fanmi w
-
entèdi blag sou aksan oswa fason yon timoun pwononse mo yo
-
raple tout moun ke tout fòm kreyòl valab — kit yon timoun ap aprann, melanje lang, gen aksan, oswa pale byen.
« N ap ankouraje li pale kreyòl. Tanpri pa fè blag sou jan li pale. Nou vle li santi li fyè. »
Bati espas kominotè ki ka bay sipò
-
patisipe nan klib lekti, kan vakans, pwogram lekòl, oswa atelye kiltirèl
-
gade paj resous nou an pou plis enfòmasyon
Lè timoun yo nan anviwònman ki an sekirite, kreyòl pa rete yon bagay prive ankò — li vin yon sous lajwa.
Ogmante vizibilite nan lekòl ak bibliyotèk
-
mande liv an kreyòl nan administrasyon a
-
òganize lekti an gwoup
-
mete afich bileng
-
selebre jou eritaj kiltirèl yo
Reprezantasyon diminye wont epi ankouraje kiryozite lakay timoun ki pa ayisyen yo tou.
Devlopman sèvo ak Kreyòl
-
Rechèch montre ke bilengwis sipòte yon devlopman sèvo ki an sante.
-
Efo mantal pou pale plizye long, pou jere plizye sistèm lang ede timoun yo devlope yon memwa ki pi solid, yon bon kontwòl atansyon ak ladrès pou rezoud pwoblèm ak yon fleksibilite mantal an jeneral.
-
Kreyòl ajoute yon dimansyon inik nan pwosesis sa a: malgre anpil mo vokabilè li baze sou franse, gramè li baze sou lang afrik lwès yo epi li swiv pwòp règ li yo. Sa kreye yon chemen newonal ki diversifye.
-
Sistèm gramatikal diferan sa a vle di timoun k ap navige ant Kreyòl ak lang tankou angle oswa franse ap jere diferan kad ak modèl lengwistik.
-
Mouvman ant estrikti sa yo ankouraje panse fleksib epi ranfòse chemen newonal ki enplike nan lang ak aprantisaj.

